Viris Zika a an Kreyòl Ayisyen (aksan Ayiti)
385 views · Published 3 June 2016 · 6:36 · Indexed 4 November 2026
Channel: SAWBO™ Scientific Animations Without Borders · 2016 · Education
Viris Zika a an Kreyòl Ayisyen (aksan Ayiti) Zika se yon maladi yon kalite viris ki rele flaviris lakòz. Moun pran viris sa a espesyalman lè yon marengwen ki sòti nan fanmi moustik ki rele Aedes la mòde yo. Se menm marengwen sa yo ki bay moun lafyèv deng, chikoungounya, ak lafyèv jòn. Gen ka kote moun pran maladi a nan fè bagay oswa yon fanm ansent ki gen enfeksyon an pase li bay tibebe nan vant li. Pifò moun ki atrape maladi viris Zika a pa santi okenn sentòm. Gen lòt moun ki gen lafyèv, ti bouton sou po tankou granfe, je wouj, ak doulè nan zo jwenti yo. Kèk moun konn di yo gen doulè nan vyann kò yo, kò kraze, oswa tèt fè mal. Nòmalman sentòm sa yo ap dire de (2) a sèt (7) jou. Nan moman sa a pa gen okenn tretman oswa vaksen espesyal pou pwoteje moun kont maladi viris Zika a. Ekspè ak chèche yo toujou ap eseye konprann maladi sa a ak konplikasyon li yo pi byen. Gen anpil bagay yo poko konnen. Tanpri ale sou sitwèb www.WHO.int pou dènye enfòmasyon yo genyen sou Zika. Selon yon rapò Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ki rele VIRIS ZIKA, MIKWOSEFALI, AK SENDWÒM GUILLAIN-BARRÉ 14 AVRIL 2016 "Apre plizyè rechèch ki te fèt, gen konsansis syantifik viris Zika a lakòz mikwosefali, sendwòm Guillain-Barré ak lòt malfòmasyon nan sistèm nève santral (sèvo ak rèldo) tibebe nan vant." Epi li site twa etid sa yo 12, 13, 14. 12 http://www.nejm.org/doi/full/10.1056/NEJMp1602708 13 http://www.nejm.org/doi/full/10.1056/NEJMsr1604338 14 http://www.who.int/mediacentre/factsheets/zika/en/ Animasyon sa a dekri fason moun pran maladi sa a, ki se prensipalman nan marengwen Aedes yo, epi li bay kèk enfòmasyon anplis sou abitid marengwen sa yo. Videyo sa a montre plizyè bagay ou kapab fè pou evite pran maladi sa a, tankou sa ou kapab fè pou pwoteje tèt ou deyò ak anndan kay ou ak kenbe anviwònman ou pwòp; bagay sa yo kapab ede ou anpeche marengwen mòde w. An nou tout pran responsablite chak jou pou ede Zika sispann gaye epi ede evite kè sote ak maladi li kapab pote nan kominote nou yo! The Zika Virus in Creole (accent from Haiti) Zika is a disease caused by a particular flavivirus. The virus is primarily transmitted to people through the bite of the Aedes aegypti mosquito which also transmits dengue, chikungunya and yellow fever. There are reports of sexual transmission and transmission by an infected mother to her foetus.. Most people with Zika virus disease have no symptoms. Others can have fever, skin rash, conjunctivitis (red or pink eye), and joint pain. Some also report muscle pain, malaise or headache. These symptoms normally last for two to seven days. There is currently no specific treatment for or vaccine to protect from Zika virus disease. Experts and researchers are still trying to better understand this disease and its complications. Much remains unknown. Please visit www.WHO.int for their latest information about Zika. The World Health Organization (WHO) ZIKA VIRUS MICROCEPHALY AND GUILLAIN-BARRÉ SYNDROME SITUATION REPORT 14 APRIL 2016 states, “Based on a growing body of research, there is scientific consensus that Zika virus is a cause of microcephaly, Guillain-Barré syndrome and other central nervous system fetal malformations.” And it cites these three studies 12, 13, 14. 12 http://www.nejm.org/doi/full/10.1056/NEJMp1602708 13 http://www.nejm.org/doi/full/10.1056/NEJMsr1604338 14 http://www.who.int/mediacentre/factsheets/zika/en/ This animation describes transmission of the disease, which is primarily by Aedes aegypti mosquitoes, and gives additional information about the habits of this mosquito. This video illustrates several important preventive measures you can take using personal protection outside and inside the house and ensuring environmental sanitation around the house; these might help you avoid being bitten by the mosquito. Let’s all assume responsibility every day to help stop the spread of Zika and help prevent the anxiety and illness it might bring to our communities!
More from this channel
-
2:18
Tratamiento solar del frijol caupí en español (acento de América Latina)
-
2:18
Solar Treating of Cowpea Seeds in English (accent from Nigeria)
-
2:18
La conservation du niébè avec le séchage solaire en français (accent from Congo)
-
2:18
Cholera Prevention in English (accent from India)
-
2:22
Cholera rogada hadege munnecharike kramagalu
-
2:20
காலரா தடுப்பு Cholera Thadupumurai வாந்திபேதி
-
2:38
Insecticide naturel à partir des fruits d'arbre de neem en fongbe (accent du Bénin)
-
2:38
Insecticide naturel à partir des fruits d'arbre de neem en bariba (accent du Bénin)